- Poze tèt ou kesyon "Kiyès mwen ye?"
Se yon fason pou reflechi sou identite ou, objektif ou, ak kote ou vle rive nan lavi a.
Kesyon sa ap pèmèt ou reflechi sou sa ou ye reyèlman renmen, sa ki enpòtan pou ou, ak kijan ou vle kontribye nan mond lan. jan ou wè tèt ou nan moman sa a.
Kesyon sa ka pèmèt ou swiv devlopman pèsonèl ou ak wè kijan ou te chanje atravè tan. Sa ka ede w kòmanse konsidere kouman ou vle evolye nan tan kap vini an.
- Poze tèt ou kesyon "Kisa m vle nan lavi?"
Se yon demach pwofon ki ka ede w idantifye objektif, aspirasyon, ak yon direksyon nan lavi ou.
Kesyon sa pèmèt ou idantifye sa ki enpòtan pou ou nan lavi a. Sa kapab gen rapò ak travay, relasyon, siksè pèsonèl, ak anpil lòt domèn.
Kesyon sa ap ede w reflechi sou valè ou, sa ki gen anpil enpòtans pou w, ak sa w ap defann. Li ka kontribye nan sa ki pèmèt ou viv yon lavi ki koresponn ak pwòp konviksyon ou.
Poze kesyon sa pèmèt ou fòme yon vizyon pou tèt ou sou kote ou vle rive nan lavni. Sa ka ede w kòmanse etabli objektif ak pwojè pou w ka rive la.
- Poze tèt ou kesyon sa "Ki mwayen mwen pral itilize pou m reyalize rèv mwen yo?"
Se yon etap enpòtan nan pwosesis planifikasyon ak aksyon. Kesyon sa ka ede w sou kijan w pral atenn objektif ou epi kreye yon plan pratik pou rive la.
Poze tèt ou kesyon sa ap pèmèt ou evalye kijan w ka itilize resous ou genyen yo, tan, ak kapasite pou maksimize efikasite ou nan reyalizasyon rèv ou yo.
Sa a kapab ede ou fè yon evalyasyon reyalis pwofond ki ka pèmèt ou konprann sa ki nesesè pou w rive la. Sa ap ede ou planifye etap yo, pwepare tèt ou pou defi ki ka vini, ak ranfose kapasite ou. Ki jan w ka chèche sipò, kòlaborasyon, ak respous konsa nan wout la.Eske w bezwen devlope plis konesans oswa konesans teknik? Ki jan ou pral fè sa? Elatriye…
#marquisht #Developmentpersonel #discipline #motivation #haitien
🔥